Avèk nou, se ou ki enpòtan.

Chwazi AmeriHealth Caritas Florida

Medicaid se yon pwogram otorite federal yo ak otorite eta yo mete sou pye ansanm pou ede moun ki pa gen anpil revni ak resous men ki bezwen yon asirans sante.

Misyon nou se sèvi w ak fanmi w epi ede nou jwenn swen sante nou bezwen yo. AmeriHealth Caritas Florida se yon plan sante Medicaid ki fè pati fanmi konpayi nasyonal AmeriHealth Caritas a. AmeriHealth Caritas ap ede moun resevwa swen epi rete an sante depi plis pase 40 an. Nou ede manm nou yo jere sante yo epi jwenn resous ki disponib yo nan kominote a. Se swen w yo ki gen premye plas nan travay nou.

Se ou menm ak fanmi w ki priyorite nou lè n ap bay prestasyon swen sante nou yo.

Kèk nan yo se:

Yon telefòn gratis

Jwenn yon telefòn pou fwaye w san sa pa koute w anyen ! Telefòn nan gen yon kantite done Entènèt ak minit ki limite chak mwa, ak yon kantite mesaj tèks ki pa gen limit.*

Sèvis telemedsin

Asiste randevou telemedsin san sa pa koute w anyen ! Kominike ak yon pwofesyonèl sante jeneral oswa sante konpòtmantal san w pa kite sekirite ak konfò lakay ou.*

Liy enfimyè ki disponib 24 sou 24, 7 jou sou 7

Nou la pou reponn kesyon w yo nan domèn sante, lajounen kou lannuit, san sa pa koute w anyen !

Jwenn swen rapid

Jwenn swen rapid nan rezon nou an san sa pa koute w anyen ! Pa ret tann yon pakèt tan nan saldijans lopital la.

Pwogram matènite ak yon akonpayatè sante

Enfimyè nou yo ka ba w sipò pandan gwosès ou. Enskri nan pwogram tèks nou an pou jwenn rapèl ak konsè k ap ede w rete an sante pandan gwosès ou!*

Pwogram jesyon swen espesyalize

Enfimyè nou yo ap ede w jere pwoblèm sante w yo. Jwenn yon sipò kote yo esplike tout sa pou w fè pou jere pwoblèm sante tankou opresyon ak depresyon.

Sèvis transpò

Jwenn transpò pou al kay pwofesyonèl sante w oswa nan yon lòt etablisman sante san sa pa koute w anyen ! Ale nan egzamen sante ou gen pou fè chak ane a, nan randevou sèvis sante konpòtmantal, nan sant swen rapid ak nan famasi pou al chèche medikaman w yo.

Egzonerasyon ko-peman

Jwenn nenpòt sèvis sante jeneral oswa konpòtmantal san w pa peye ni ko-peman ni okenn lòt bagay !

Zouti pou jere sante w

Itilize aplikasyon mobil nou oswa pòtay manm yo pou gade kat idantifikasyon manm dijital ou, antesedan sante w yo ak lòt enfòmasyon enpòtan.*

Ekip sipò pou ede w

Ekip sipò nou an la pou ede w satisfè bezwen ki pi ijan yo, tankou pran yon randevou. Èske ou bezwen manje, yon kote pou rete oswa yon lòt nesesite debaz? Nou travay pou fè w jwenn resous ki disponib yo pou ede w nan kominote a.

Èske ou ta renmen jwenn plis enfòmasyon? Konsilte lis ki gen tout prestasyon (PDF) nou an oubyen chèche yon pwofesyonèl oswa yon etablisman sante sou sitwèb nou an.


Fason pou enskri

  1. Aplike pou Medicaid.
    • Pou enskri nan AmeriHealth Caritas Florida, ou dwe kalifye pou Florida Medicaid. Se Depatman Timoun ak Fanmi Florid la (Department of Children and Families, DCF) ki deside kiyès ki kalifye pou Medicaid. Kontakte Depatman Timoun ak Fanmi Florid la nan 1-866-762-2237 oswa aplike pou Medicaid sou Entènèt.
  1. Chwazi AmeriHealth Caritas Florida kòm plan sante w.**
    • Si w kalifye pou Medicaid, ou pral resevwa yon lèt nan men Ajans Administrasyon Swen Sante a (AHCA) k ap mande w chwazi yon plan.
    • Pou chwazi yon plan, rele yon konseye chwa nan nimewo gratis 1-877-711-3662 (TTY 1-866-467-4970) oswa ale sou sitwèb Statewide Medicaid Managed Care a.

AmeriHealth Caritas Florida se yon plan swen jere ki gen yon kontra avèk Florida Medicaid. Enfòmasyon nou bay sou prestasyon yo se yon ti rezime. Yo pa dekri tout prestasyon yo nèt. Pou jwenn plis enfòmasyon, kontakte plan swen jere a.

*Ka gen limitasyon, ko-peman ak/oswa restriksyon ki aplike. Prestasyon yo, fòmilè yo, rezo famasi a, prim yo ak/oswa ko-peman/ko/asirans yo gendwa chanje.

**Nou fyè dèske nou sèvi konte Indian River, Martin, Miami-Dade, Monroe, Okeechobee, Palm Beach ak St. Lucie.