Ti liv pou manm yo ak kat idantifikasyon manm nan

Ti liv pou manm yo

Ou ka gen kèk kesyon sou plan an ak opsyon w yo. Ti liv pou manm yo ka ede w konprann diferan sèvis plan w kapab ofri w. Ti liv pou manm yo ka esplike w fason plan sante w fonksyone tou. Si w toujou gen kesyon, tanpri rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 (TTY 1- 855- 358-5856), 24 sou 24, 7 jou sou 7.

Telechaje ti liv pou manm yo (PDF)

Kat idantifikasyon manm nan

Chak manm AmeriHealth Caritas Florida ap jwenn yon kat idantifikasyon manm AmeriHealth Caritas Florida. Kat sa a montre ou se yon manm AmeriHealth Caritas Florida. Kenbe l sou ou toutan. Ou ka gen pou montre kat idantifikasyon AmeriHealth Caritas Florida w ak kat Medicaid ou (ki gen koulè dore):

  • Pou pwofesyonèl sante yo lè ou jwenn swen sante
  • Si w ale lopital
  • Nan famasi a

Si w pèdi kat idantifikasyon manm AmeriHealth Caritas Florida w la, rele ekip sèvis pou manm AmeriHealth Caritas Florida yo nan 1-855-355-9800. N ap voye yon nouvo kat ba w pa lapòs menm kote a.

Kat idantifikasyon manm nan — devan

New Member ID card - front

Kat idantifikasyon manm nan — do

New Member ID card - back