Vizit woutin kay doktè ak vaksen se bagay ki enpòtan pou timoun yo!

Li enpòtan pou pitit ou fè vizit woutin li yo kay doktè nan lè li sipoze fè yo. Se vre bagay yo difisil, men ou ka ede pitit ou rete an sante. Veye pou pitit ou al kay PCP li pou vizit woutin li yo ak vaksen li yo. Klike sou bouton ki anba yo pou jwenn plis enfòmasyon.


Èske ou te konn sa?

  • Vizit woutin kay doktè yo gratis pou manm AmeriHealth Caritas Florida yo ant nesans yo ak laj 21 lane.
  • Manm yo ka jwenn kat kado lè yo atenn sèten objektif sante, pa egzanp lè timoun yo ale nan vizit woutin kay doktè, atravè pwogram konpòtman ki bon pou lasante nou an. *Manm yo ka enskri nan plizyè pwogram konpòtman ki bon pou lasante (depi yo kalifye) e yo ka resevwa jiska $50 kòm rekonpans pa ane pou chak pwogram.

Dekouvri pwogram rekonpans kat kado nou an


Lòt resous ki itil:

Si w gen kesyon, tanpri rele ekip sèvis pou manm yo nan nimewo gratis 1-855-355-9800 (TTY 1-855-358-5856).