Jwenn Swen

Èske ou konnen kiyès ou sipoze rele oswa sa ou bezwen pou jwenn swen? AmeriHealth Caritas Florida vle pou w jwenn swen yon fason ki fasil pou w ka rete an sante.

Lè ou enskri nan yon plan AmeriHealth Caritas Florida, w ap chwazi yon doktè nan lis pwofesyonèl ak etablisman sante nou an oswa n ap asiyen w youn. Doktè sa a se doktè prensipal ou (Primary Care Physician, PCP). PCP w se doktè fanmi w oswa doktè ou konn al konsilte regilyèman an. PCP w sipèvize swen sante w yo epi li ede w jwenn swen ou bezwen yo nan moman ou bezwen yo.

  • Sa pou w fè nan yon ijans
  • Al kay yon espesyalis
  • Sèvis espesyal
  • MDLIVE ak sèvis telemedsin
  • Vizit kay doktè pou timoun ki pa malad ak vaksen
  • Èske ou/pitit ou ap resevwa sèvis enfimyè prive (PDN)?
    • AmeriHealth Caritas Florida vle asire li ou menm oswa pitit ou ap resevwa sèvis enfimyè prive (Private Duty Nursing, PDN) selon sa doktè w te mande a. Lè gen yon peryòd ki manke, sa afekte kalite swen pasyan an resevwa yo. Si gen yon mankman ki fèt nan swen w yo, tanpri rele ekip repons rapid la nan 1-855-371-8072 (lendi pou vandredi, soti 8è nan maten rive 5è nan aprèmidi nan lè ET) oswa rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 (TTY 1-888-877-5378), 24/7/365. Epitou, ou ka voye yon imèl ban nou nan PDNGaps@amerihealthcaritasfl.com. Klike pou jwenn plis detay sou fason ou ka rapòte yon mankman nan sèvis infimyè yo.

Manm AmeriHealth Caritas Florida yo ka jwenn swen nan men pwofesyonèl sante oswa nan lopital. 

  • Pwofesyonèl sante ak lopital yo sipoze nan rezo nou an ki apwouve e ki gen kontra avèk nou.

  • Itilize lis pwofesyonèl ak etablisman sante a pou jwenn yon pwofesyonèl sante oswa yon lopital.

  • Si w pa wè pwofesyonèl sante ou bezwen an, rele ekip sèvis pou manm yo nan nimewo gratis 1-855-355-9800 (TTY 1-855-877-5378). N ap jwenn yon pwofesyonèl sante pou ou.

AmeriHealth Caritas Florida ap peye pou sa swen ki apwouve yo koute. Si AmeriHealth Caritas Florida pa apwouve swen yo, ou ka gen pou peye sa swen yo koute.

  • Si w bezwen èd oswa si w gen kesyon, rele ekip sèvis pou manm yo nan nimewo gratis 1-855-355-9800 (TTY 1-855-877-5378).

Konsèy pou travay nan tèt ansanm ak pwofesyonèl sante w 

Nou ta renmen pou manm nou yo patisipe yon fason ki aktif nan swen sante yo resevwa yo. Pi bon fason pou fè sa se konsidere pwofesyonèl sante w tankou patnè pou swen w. Men kèk konsèy k ap ede w.

Poze kesyon: Fè pwofesyonèl sante w konnen si w gen kesyon. Si gen yon bagay ou pa konprann, mande l plis enfòmasyon. Pwofesyonèl sante a la pou ba w esplikasyon ak enstriksyon.

Se pou w onèt: Lè ou bay pwofesyonèl sante w verite, se ede ou ede l chwazi pi bon plan tretman pou ou a.

Ale nan randevou w yo: Si w pa kapab ale nan yon randevou, pa bliye rele kabinè a pou anile randevou a.

Pa rive anreta: Veye pou w rive alè nan randevou w la.

Pran nòt: Ekri bagay ki pi enpòtan pwofesyonèl sante w di w yo. Sa ka ede w sonje sa l te di pandan randevou a.

Fason ou ka prepare pou vizit kay pwofesyonèl sante w (PDF)